Banj Media, est un média inclusif et alternatif qui s’adresse aux générations connectées. À travers nos missions, nous nous engageons à fournir à notre public des informations, des analyses, des opinions et des contenus captivants qui reflètent la diversité et les intérêts de la jeunesse haïtienne.
Manje nan lari : yon pratik ki gen lyen dirèk avèk kantite fatra ki gen nan gran vil yo an Ayiti
Ayiti ap fè fas ak yon pwoblèm asenisman ki grav. Nan kapital la ak nan gran vil pwovens yo, fatra men sitou dechè plastik yo, pa sispann ogmante nan lari a ak espas piblik yo. Kantite fatra ki nan wout yo konn menm rann sikilasyon paralize ak lakoz machin, moto oswa pyeton paka pase epi konn menm pwovoke aksidan. Mete sou lòt pwoblèm politik, ekonomik ak sosyal yo, leta pa rive kenbe peyi a pwòp jan sa ta dwe ye. Men, malgre anviwonnman imedya moun yo pa toujou pwòp, li fasil pou w remake nan tout lari moun k ap konsome. Yon pratik ki kouran anpil ki gen lyen dirèk avèk kantite fatra ki pa sispann ogmante nan lari yo epi ki reprezante yon gwo danje.
Manje nan lari se yon abitid ki devlope nan anpil peyi sitou aprè revolisyon endistriyèl la nan diznevyèm syèk la. Nan peyi devlope tankou Lafrans, Etazini ak nan Wayòm Ini, yo rele sa « cuisine de rue » oubyen « Street food ». Abitid sa a pa sèlman limite ak peyi ki devlope yo, menm si gen kèk diferans nan fason sa fèt nan diferan peyi yo. An Ayiti, gen yon pawòl popilè ki di « lari a se salon pèp la ». Pawòl sa a sanble eksplike lyen sere sere moun yo devlope ak lari a. Nan lari a oswa bò lari a, moun yo pa sèlman manje, yo regle aktivite ekonomik yo, diskite ak zanmi yo sou sijè ki konsène politik, sosyete, relijyon, seksyalite, ensekirite, vwayaj elatriye. Manje nan lari parèt tankou yon abitid sosyal, yon fason pou kèk zanmi, elèv lekòl, inivèsitè, oswa pwofesyonèl nan yon domèn, pataje ansanm yon moman tou kout pandan y ap degiste yon manje yo renmen, oubyen bwè yon bwason swa pou desann chalè oubyen pou plezi.
Manje nan lari gen yon avantaj ekonomik
Youn nan rezon ki lakoz anpil moun toujou ap manje nan lari, daprè temwanyaj anpil moun, se kondisyon ekonomik yo. Fôk nou souliye, daprè dènye rapò Kowòdinasyon Nasyonal Sekirite Alimantè a (CNSA) pou mwa septanm 2023, panye alimantè a an Ayiti ki gen ladan pwodwi tankou: diri, farin, mayi, pwa, sik ak lwil vejetal, koute an mwayèn 4 939 goud pou yon moun chak mwa, epi gen anviwon 5 milyon aysiyen k ap viv nan gwo ensekirite alimantè. Mete sou sa, to enflasyon an men wotè (31,8% an septanm 2023). Yon etid Bank Mondyal ansanm ak Obsèvatwa Nasyonal Povrete ak Eksklizyon Sosyal te fè depi nan lane 2012 te revele 58,5% popilasyon an t ap viv nan sitiyasyon povrete (2,41 dola ameriken pa jou pou chak moun), alòske 23,8% moun t ap viv nan povrete ekstrèm (1,23 dola pa jou pou chak moun) sa ki vle di pouvwa dacha moun yo fèb anpil. Malerezman pa gen okenn ankèt ki ta pèmèt yo mete done sa yo ajou aprè 11 lane.
Anpil moun pito manje nan lari, pou mwens kòb, olye yo antre nan yon restoran ki ap mande yo pi chè, oswa achte tout bagay pou al monte chodye lakay yo. Jean se etidyan nan Jeni Sivil, li eksplike nou kijan li menm ak zanmi l yo jere koze manje : « Depi nou gen kòb, n ap antre nan youn nan restoran sou wout Dèlma a. Men lè mwayen an piti, nou oblije pran l bò lari a paske sa n ap peye anndan restoran an 2 fwa pi chè pase sa n ap achte deyò a ». Konsa tou, gen anpil lòt moun tou ki, menm lè yo gen kòb, kontinye manje nan lari sitou paske sa pran yo mwens tan. Daprè sa yo eksplike, sa pèmèt yo gen chans reprann aktivite yo byen rapid. Se avi kèk chofè moto ak machin transpò piblik, ki kwè si pa te gen manje kwit pou vann nan lari, yo t ap travay mwens paske yo t ap oblije tounen lakay yo pou ale manje, oubyen antre nan yon restoran ki te ka pran tan yo. Genyen kèk moun tou, ki kwè sa y ap manje nan lari yo souvan gen bon gou. Se egzakteman sa Dadou ki se etidyan nan kontabilite panse « Mwen pa konn sa ki fè sa, mwen souvan wè yo gou. Men fòk machann nan pwòp ».
Apa kèk mizangad kèk enstans mondyal tankou Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS), spesyalis nan koze sante jis raple gen kondisyon si yo pa respekte, ki pa ta dwe ankouraje moun manje nan lari. Li fè referans ak espas kote lè a polye, oubyen si metòd preparasyon yo pa bon.
Manje nan lari kapab yon bèl egzèsis sosyalizasyon men li kapab tou yon danje si tout kondisyon ijyèn yo pa respekte. Nan sans sa, gen anpil moun an Ayiti ki evite pratik sa, yo avanse rezon sante pou jistifye chwa sa, tankou jan Dovelyna Aurelien ki se famakològ di l : « Mwen pa renmen manje nan lari paske mwen pa konn jan moun nan prepare manje l. Gen engredyan moun nan mete nan manje a l ap koz mwen malad. ». Move eksperyans li fè nan manje nan lari pouse li konseye moun, sòti ak manje depi lakay pou evite achte manje nan lari. Sepandan famakològ la avwe li konn achte kèk pwodwi ki lejè : « Mwen konn manje bonbon wi. […] Mwen konn achte bwason sa [...] pou m bwè akoz mwen pa ka konsome gazez ».
Dechè solid yo, yon gwo defi pou Ayiti
Menm jan ak pratik manje nan lari a ki mondyal (prèske 3 milya moun manje nan lari chak jou daprè FAO), anpil peyi nan mond lan fè fas ak gwo kantite dechè sitou nan vil kote ki gen anpil moun k ap viv ladan yo. Men, leta nan peyi sa yo rive mete sou pye sistèm ki solid, sòti depi nan fason y ap kolekte fatra yo, pase pran jan y ap jere yo, ak resktriksyon yo mete pou entèdi moun jete fatra nan lari. Depi nan epòk revolisyon endistriyèl, pwodwi konsomasyon rapid yo vin okipe yon gwo plas nan kotidyen moun yo. Pami tout matyè ki itilize pou komèsyalize pwodwi sa yo ki antre nan sa ekonomis yo rele pwodiksyon an mas, matyè plastik itilize anpil. Daprè chif yo se 460 milyon tòn plastik ki pwodwi chak ane. Lè pwodwi sa yo fin itilize, anbalaj yo ki konsidere kòm dechè, yo rele kategori sa yo, dechè non biyodegradab sa vle di ki paka oswa ki difisil detwi malgre tan ak kondisyon natirèl yo (yon plastik ka dire onwen 450 lane). Alòske, lòt dechè ki rive detwi aprè yon kantite tan pi kout akoz kondisyon natirèl yo pote non dechè byodegradab. An Ayiti gen plizye enstans ki responsab pou aji nan koze jesyon fatra, Ministè Anviwonnman (MDE), Sèvis Nasyonal Jesyon Dechè Solid yo (SNGRS) ak minisipalite yo.
Yon rapò Pwogram Nasyonzini pou Devlopman (PNUD) mete deyo nan lane 2022 ki gen pou tit « La gestion des déchets solides en Haiti : Une analyse exploratoire » site kèk estimasyon Bank Mondyal ki montre chak ayisyen pwodwi anviwon 0,6 kg fatra solid chak jou. Pou yon popilasyon anviwon 11 milyon moun, sa fè anviwon 6 600 tòn dechè ki jenere pa jou an Ayiti. Chif sa yo fèb pa rapò ak lòt peyi nan Karayib la, pa egzanp chak moun an Repiblik Dominiken pwodwi an mwayenn 1,8 kg dechè pa jou. Men, an Ayiti òganis nan leta yo rive kolekte selman 12% dechè sa yo dapre menm done yo. Dapre menm rapò PNUD la, youn nan pigwo defi enstans leta yo ak kèk enstitisyon prive ki nan zafè kolekte fatra jwenn, se pwoblèm resous materyèl ak finansye. Akoz enkapasite sa yo, aksyon SNGRS yo reyalize pi souvan nan ranmase gwo pil dechè solid yo, san pa gen yon jesyon striktirèl ki fet pou pwoblèm nan.
Kondisyon yo reyini pou fatra kontinye jete nan lari
Chif rapò PNUD la vle di gen sèlman yon chans sou 10 pou yon dechè solid yon moun jete nan lari apre li fin konsome ta ranmase apre. Shiba Alouidor se ajan pwotokòl, dapre sa li eksplike li pa danse kole ak ide manje nan lari a ditou : « Manje nan lari se pa yon bon pratik, se pa yon bòn manyè, se pa yon bèl imaj » Si nou mete sou kote anpil moun tankou Shiba ki pa gen abitid manje nan lari, fason fatra yo ap anpile nan espas piblik yo gen pou wè anpil fwa ak ki chwa moun yo fè ak dechè yo. Kèk nan moun nou pale yo eseye eksplike nou rezon ki konn pouse yo jete dechè yo nan lari a, apre yo fin konsome :
– Pa gen poubèl disponib : Li difisil pou w kwaze nan espas piblik yo poubèl ki la pou resevwa dechè sa moun yo fin konsome yo. Se souvan inisyativ kèk moun oswa òganizasyon ki vle bay koutmen pa yo, men sa sanble pa ase paske anpil gwo espas tankou plas piblik yo anpil moun itilize pou manje, pa genyen poubèl disponib. Menm si pa gen poubèl, gen moun ki itilize lòt estrateji pou pa jete fatra nan lari « Mwen mete sachè (oubyen po yo) nan valiz mwen » se sa Dovelyna di nou.
– Yon lòt rezon se paske kèk pami mezi ki entèdi moun jete fatra nan lari yo pa souvan aplike : Gen plizyè meri nan plizyè vil ki mete pinga kont tout moun k ap jete fatra nan lari. Pa egzanp Meri Pòtoprens abitye mennen kanpay kominikasyon nan medya pou raple tout moun yo menase pran yon amann ant 10 mil a 50 mil goud si ajan minisipal yo ta bare yo ap jete fatra nan lari. Men malgre sa, sitwayen yo pa sispann plenyen chak jou pou kantite fatra nan lari kapital la.
– Yon pwoblèm edikasyon : Genyen move konsepsyon ki popilè ki fè moun yo kwè jete fatra sou pil fatra pa pwoblèm. Nan echanj nou ak Dadou, li deklare nou : « Mwen jete dechè yo nan poubèl. Si m pa gen valiz, mwen konn jete yo kote ki gen fatra deja ». Gen moun tou ki deklare yo pa aksepte remèt machann yo resipyan yo paske dapre yo, « yo pral itilize yo ankò pou vann lòt moun ». Yo prefere jete l nan lari a.
Fatra nan lari, yon danje sou divès fòm
Pandan leta Ayisyen poko kapab jere pwoblèm lan, fatra nan lari rete youn nan pi gwo defi anviwonmantal Ayiti ap fè fas. Lè dechè ki biyodegradab yo kòmanse dekonpoze san yo pa itilize kom resous tankou konpos, yo gen konsekans dirèk sou lè moun ap respire. Dechè tankou po fwi yo reprezante menas pou sekirite moun yo paske yo ka pwovoke glisad oswa patinaj. Anplis menm jan ak rès manje, lè yo mouye epi pa jwenn ase solèy, sa favorize nesans moustik ki ka bay maladi tankou malarya. Lè lapli tonbe, dechè plastik yo reprezante gwo danje pou anviwonman ak lavi moun. Yo kapab bloke kanal irigasyon yo, sa ki ka pwovoke inondasyon ki ka pote ale lavi moun ak bèt. Yo kapab tou kondwi nan dlo k ap koule yo pou al tonbe dirèk nan lanmè nou yo, epi tounen pwazon pou pwason ak lòt bèt. Yo ka antre nan tè ki kiltivab yo tou epi detwi pyebwa yo oubyen lakoz tè yo pa ka bay bon randman agrikòl.
Nan tout peyi ki vle pote bon jan solisyon ak pwoblèm fatra nan lari, dirijan yo pran dispozisyon pou edike ak fòme popilasyon an sou nesesite sa genyen pou yo jere fatra yo byen, pou yo pa jete yo nan lari, men tou sou gwo konsekans move jesyon dechè ka genyen sou byennèt yo ak byennèt peyi yo. Nan peyi Nò Ameriken yo pa egzanp, Jesyon dechè se yon matyè eskolè tankou tout lòt. Alòske an Ayiti, gen anpil efò ki ta dwe fèt nan sans sa a toujou. Kanpay sansibilizasyon yo se souvan yon bon mwayen pou alète popilasyon an sou enpak reyèl yon pwoblèm ka genyen sou kominote a. Rezoud kèk pami pwoblèm striktirèl SNGRS di l ap fè fas yo kapab yon bon mwayen tou pou jere pwoblèm fatra a.
Dechè solid kontinye reprezante yon gwo defi pou Ayiti. Sispann abitid manje nan lari ka pa yon priyorite reyalis nan kad batay leta ayisyen ka mennen kont fatra paske non sèlman li se yon pratik sosyal ki la depi kèk tan, epi se pa sèl rezon ki lakoz gen fatra nan lari. Mete sou sa done ki montre kantite moun k ap kite zòn andeyò pou vin patisipe nan devlopman nan mitan vil yo, sa spesyalis yo rele ibanizasyon an, pa sispann ogmante. Sepandan ak plis sansibilizasyon epi ak enplikasyon tout enstitisyon yo swa nan edikasyon, oswa nan raple moun yo nesesite pou kenbe anviwònman yo pwòp, pwoblèm fatra a ka rezoud.
Merck’n Sley Suprême Jean-Pierre